Lavant tablèt diminye sou kantite pwodui ki ekoule, men Ipad toujou rete aktif sou mache a.

Lavant tablèt yo kontinye ap diminye, -1,5 pousan sou 12 dènye mwa yo. Yon rekil san bri ki esplike tèt li avèk siksè Apple genyen sou mache a. Gwoup ki nan Eta kalifòni an te rive fè lavant yo monte ak yon nivo ki plis pase 15 pousan nan ane 2019. Ipad reprezante jodi a plis pase yon (1) lavant sou (3) twa nan magazen, dapre sa kabinè etid IDC deklare.

Avèk plis pase 49 milyon inite ki pase nan ane 2019, Apple toujou kenbe pozisyon’l sou mache tablèt yo. Yon lòt kote, Samsung ak Huawei, yo chak vann 21,7 ak 14,1 milyon aparèy nan ane 2019 la, pilwen sa ki fè lavant pou yo chak te regrese anpil : -7,2 pousan pou Samsung ak -3,5 pousan pou Huawei.

Pèfòmans 2 aktè azyatik yo tèlman pabon, menm Amazon kapab nan yon ti tan retire Huawei nan 3zyèm plas la. Gwo konpayi I-komès la te wè lavant li yo ogmante pou plis pase 1,2 milyon inite nan lane 2019. Li te vann nan ane ki pase plis pase 13 milyon tablèt pa mwayen platfòm I-komès.

Aktè ki pi saj yo fè konklizyon tablèt yo ki soti nan konpayi Apple jodi a kontwole anviwon 2/3 nan mache a, epi pati pa yo a nan mache a kapab kontinye ogmante paske depi kèk ane, lòt konstriktè yo vin chak jou nan kanpe lavant tablèt, paske pou aktè yo, rantablite a pa la ankò.

Siksè telefòn PC ak ibrid yo se youn nan faktè ki lakoz feblès sa sou mache a. Depi 2 zan, lavant PC yo ogmante anpil. Konsomatè yo vin chak jou prefere envesti nan ibrid ak tablèt ki kapab konvèti sou fòm òdinatè pou moun sèvi, nan espas ki pou Microsoft la.
Èske se ta kòmansman deklen tablèt nan mond nimerik la? Eske gen yon lòt aparèy ki prevwa pou ranplasel se diferan kesyon nou ka poze sou diminisyon lavant tablèt nan mond enfòmatik la.

Sous : HIGH-TECH

Depi 10 lane, teknoloji ap evolye epi vini ak yon nouvo fòm gouvènman teyorikman ak sou plan pratik se youn nan pi gwo evolisyon ki fèt nan administrasyon piblik la pandan dènye ane sa yo. Li vini avek nouvo vokabilè, nouvo pratik, lòt fason moun reyaji epi modifye rapò ki egziste nan Administrasyon piblik la.

Tèm sa pran nesans gras ak pratik komès elektwonik nan sektè piblik la, kòm definisyon nou ka di se diferan aktivite gouvènman ap mennen ak divès pwosesis nimerik nan kad yon rezo enfòmatik gras ak entènèt ant administration piblik ak sektè prive a pou sèvi pi byen popilasyon an.

Aktivite sa yo fèt sou fòm echanj eletwonik enfòmasyon nan objektif pou founi oubyen pou benefisye sèvis epi ekoule pwodui.

Yon fason jeneral nou kapab di Gouvènans Elektwonik la se nouvo wòl administrasyon piblik la jwe gras ak itilizasyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon

Gouvènans Elektwonik la relye kèk eleman kle, pami yo nouvo anviwonman administrasyon an avèk itilizasyon Teknoloji enfòmasyon ak Kominikasyon yo, pami yo enfòmatik, imel, wèb, Teknoloji san fil, ki patisipe nan jesyon sèvis administrasyon an fèt pi byen, pi rapid epi pèmèt sitwayen yo jwenn plis priyorite.

Premye domèn Gouvènans elektwonik lan se fonksyon leta nan ekonomi ak nan sosyete a, li gen pou objektif ogmante randman ekonomik la, paske enfòmasyon se yon nouvo richès teknolojik, epi li pèmèt pwodiksyon richès, nan sans sa gouvènman dwe favorize kreyasyon antrepriz, enstale enfrastrikti teknolojik nan tout peyi a pou fasilite fonksyonman fòm gouvènans sa.

Gouvènans elektwonik la dwe kreye mwayen ak dispozisyon nesesè pou tout tranzaksyon, demann pyès tankou ak nesans, kat idantifikasyon, paspò elatriye) peye anplwaye, envestisman nan divès domèn fèt ak plis transparans gras ak sistèm nimerik la, ki ap rann pwosesis sa yo pi fyab, pi efikas epi pi rapid.

Menm nan zafè eleksyon gouvènans elektwonik lan ap pote anpil amelyorasyon, nan transparans eleksyon, nan rapidite ak fyabilite rezilta, epi ap pèmèt rediksyon pousantaj koripsyon nan pwosesis elektoral la.

Gouvènman elektwonik la, pote anpil avantaj epi anpil moun konsiderel kòm yon pwen ki enpòtan nan tout devlopman dirab yon peyi jounen jodya, li diminye fistrasyon nan relasyon piblik yo, menm lè pou bon fonksyonman gouvènans sa, ta dwe gen nouvo lwa ki ekri sou teknoloji ak gouvènans elektwonik spesyalman pou evite konfli nan administrasyon piblik la epi evite kriz nan sosyete.

Joame BAPTISNE

Gen kèk syantifik nan peyi Hong Kong rive rechaje plizyè santèn dyòd Led apati kèk gout dlo . Yon nanojeneratè ki kapab bay kouran gras ak lapli oubyen yon tib avèk dlo.

Santral idwolik yo itilize tibin kouple nan jeneratè elektwomayetik yo , sa ki pèmèt yo itilize fòs dlo a pou pwodwi kouran elektrik . Men sistèm sa yo anpil , yo lou epi yo pèdi nan efikasite kantite dlo a. Sou lafòm, gen yon altènativ ki egziste nan nanojeneratè triboelektrik la, se yon nouvo dekouvèt, nan lane 2012. Nan yon atik pibliye nan revi Nature , yon ekip chèchè nan Inivèsite minisipal Hong Kong reyisi kreye yon jeneratè ki mil fwa pi efikas. Nanojeneratè triboelektrik ki itilize fòs yon gout dlo pou transfere yon chaj ant de kouch separe ki separe .Syantifik yo itilize politetrafliyowoetilèn ki se yon polimè avèk yon chaj ki ap prèske la tout tan epi ki pèmèt konvèsyon enèji a ak plis efikasite.

100 dyòd limen avèk yon gout dlo anplis, pandan n itilize yon elektwòd an aliminyòm , chèchè yo dekouvri somè enèji a pat pwodwi nan moman enpak la men lè gout dlo an ap tonbe. Gout sa kreye yon sikwi fèmen lèw touche elektwòd la , li aji tankou yon rezistans, polimè a transfòme an kondansatè. Sifas la kapte epi stoke plis chaj pandan li rann jeneratè a vin pi efikas.

Rezilta sa posib avèk yon goutlèt dlo, chèchè yo reyisi alimante 100 dyòd elektwoliminesant (Led), epi fè konnen 4 gout dlo dwe pèmèt 400 limen.

Nanojeneratè yo kapab itilize pi gwo kantite pou gen kouran gras ak lapli, men li ka sèvi tou pou kolekte enèji lanmè yo oubyen menm dlo anndan yon tib. Chèchè yo dwe rezoud ankò kèk pwoblèm tankou kowozyon elektwod yo men yo espere genyen yon bon pwototip nan 5 ane pou rive rezoud pwoblèm enèji nan anpil peyi nan mond lan, sitou nan sa ki pi pòv yo.

Sous : FUTURA TECH

Rachelle FIGARO

Gras ak teknoloji, limanite dekouvri inivè a gen lòt planèt gras ak nouvo teknoloji
enfòmasyon ak kominikasyon yo. Poutan gen moun ki konsidere teknoloji kòm yon
bagay ki ka koze gwo danje, epi gen tandans atribiye tout pwoblèm mond lan ak yo.
Èske nou dwe kondane mwayen teknolojik yo jan anpil moun fèl? Kalifye yo de tout sak
pa bon?

Avan, egzistans mwayen teknolojik yo, liv se te sèl refij etidyan ak moun kap fè rechèch
te genyen. Se poutèt sa a li te pi difisil pou moun te fè rechèch.

Jodi a, gras ak inovasyon teknolojik yo, rechèch vin pi fasil nan tout domèn, sitou nan
domèn lekòl nan bay etidyan chans pou jwenn enfòmasyon ki lontan pat aksesib pou
tout moun. Se te sèlman moun ki te gen anpil byen ak lajan ki te gen aksè ak yo.
Anplis, kòm tout moun vin gen menm aksè pou jwenn enfòmasyon, sa pèmèt anpil peyi
devlope, devlope lespri moun yo tou.

Poutan, jan medya yo propaje enfòmasyon yo rapid kounya, entènèt sitou, kapab gen
grav konsakans sou jèn yo si paran yo pa vijilan, li ka koz yo pèdi sans reyèl lavi yo nan
konsilte yon seri sit entènèt ki ka reprezante gwo danje nan lavi yo.

Kidonk, (responsab yo, paran, ansenyan ak edikatè) dwe reyaji epi mobilize itilizatè yo
pou lite kont tout move itilizasyon mwayen teknolojik yo ki kapab deranje sitwayen ak
kominote yo.

Pou nou fini, nou kapap di lè nou konsidere mwayen teknolojik enfòmasyon ak
kominikasyon yo kòm zouti pou fè sa ki mal oubyen bagay ki san enpòtans se yon
enjistis grav. Pou evite sa, fòk gen kanpay sansibilizasyon ki fèt pou itilizatè yo, yon
fason pou ede yo konprann pi byen mwayen teknolojik yo epi montre yo pi bon fason
pou yo byen itilize teknoloji yo.

Google vle kreye yon jwèt entèlijan konekte, yon enspirasyon ki soti nan fim desen
anime 《Toy Story》.

Nounous google vle kreye a ap gen plizyè gadjèt tankou, plizyè mikro kap nan zòrèy li,
opalè kap nan bouch li ak kamera nan zyel.

Jwèt sa google vle kreyel nan objektif pou reyaji epi jwe ak ti moun, poul konprann
entèprete epi reponn tout sa ti moun nan mande.

Jwèt sa a ap kapab fè plizyè jès, epi tou lap gen Wifi ak bloutouf kap ka fèl reyaji ak lòt
jwèt konekte nan kay la.

Nouvo kreyasyon sa ap kapab ranplase telekòmand tou, avèk vwal lap ka lanse fim
oubyen DVD dirèkteman.

Daprè kreyatè nouvo jwèt sa se ti moun nan kap gen pou kòmande jwèt la.

Se Yon pwojè ki adapte teknoloji militè nan lame izrayelyèn, patikilyèman vizyon noktin,
pou mache otomobil. Pou mache sivil la BrightWay Vizyon devlope kèk teknoloji ki te
kreye pou militè yo tankou sa ou ka wè lannwit. Dènye pwojè nan dat sa se BrightEye ki
limen wout avèk yon limyè ou pa vizib.

An reyalite se yon teknoloji ki gen yon ansanm imaj ki melanje lazè ak kamera pou bay
yon imaj nwa e blan an tan reyèl sou ekran santral tablo bòdi a.

Pou plis presizyon imaj sa pa sanble ak imaj tèmik paske sistèm sa ofri yon vizyèl sou
yon zòn ki laj epi gen kapasite pou pèmèt ou wè tout sa ki sou yon wout menm lè gen
move tan. Li ka pèmèt ou redwi tout danje ak obstak ki ka anpeche moun wè.

Kreyatè statup sa swete wèl nan diferan machin nan yon tan ki pa long, anpil moun
espere limyè envizib sa ap pèmèt redui anpil aksidan ki fèt nan aswè.

Whatsapp pap fonksyone ankò sou Ayfòn iOS 8 ni sou Androyid Gigerbread oubyen
ansyen vèsyon an.

Apre li te fin disparèt sou dènye aparèy Windozfòn yo, aplikasyon an kounya disparèt
sou ansyen vèsyon Androyid ak iOS yo.

Ekip ameriken an ankouraje itilizatè yo pou enstale dènye vèsyon iOS mobil la ki
disponib oubyen ale nan yon lòt sistèm.

Pa lontan, Whatsapp te aktyalize paj FAQ li a ki gen rapò ak telefòn ki konpatib avèl yo.
Daprè ekip kap dirijel la, Ayfòn ki gen iOS 8 oubyen vèsyon ki pi ansyen epi telefòn
Androyid Gingerbread 2.3.7 pa konpatib ankò avèk aplikasyon Whatsapp premye
fevriye 2020.

Nap fè konnen, Ginbergread reprezante aktyèlman mwens pase 0,3 pousan nan sa ki
gen pou wè ak finisman Androyid ansyen vèsyon yo.

Junior Mondésir

Anpil moun kap sèvi ak technoloji pa rive fè diferans ant « entènèt » ak « wèb », anpil
fwa pou anpil moun entènèt ak wèb vle di menm bagay, gen anpil lòt ki pa menm
konnen mo wèb la.

Souvan moun sa yo itilize mo entènèt pou pale de tout aktivite yap fè an liy, tankou
facebook, youtoub, enstagram ak lè yap fè rechèch. Poutan gen yon gwo diferans ant
entènèt ak wèb.

Mo Entènèt se kòmansman 2 mo anglè ki fè yon sèl « Interconnected network » entènèt
se yon rezo enfòmatik ki relye antre yo, se yon strikti ki pèmèt ou voye plizyè
enfòmasyon nan yon òdinatè bay yon lòt gras a yon sistèm adrès ki konplèx ki fè
enfòmasyon sa yo ale nan bon direksyon.

Se depatman defans ameriken ki envante entènèt nan ane 1960 pou sèvis militè yo,
aprè pou voye enfòmasyon byen fasil ant plizyè inivèsite ak sant rechèch.
Poutan World Wide Web ou (Web) pèmèt yon moun konsilte plizyè paj sou plizyè sit,
gras ak yon navigatè ki adapte pou sa pa mwayen òdinatè oubyen smatfòn.
Yo konsidere wèb se kreyasyon Tim Berners-Lee nan ane 1989.

 

Jean Eldy Saintilma